Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Réflexions et Histoires d'un C.O.N

Même si, après m'avoir lu, ce que j'écris te paraît logique ou sensé, rappelle-toi du titre du blog. 👆🏾 😅

Vwa fanm sa yo ki fè m' renmen lang kreyòl

Tèks la disponig nan lang kreyòl ak nan lang franse

Tèks la disponig nan lang kreyòl ak nan lang franse

Depi nan lane 1983, nan peyi ki pale lang kreyòl, yo chwazi dat 28 Oktòb la pou selebre Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl. Jou sila a te fèt pou lòt moun te ka konnen plis bagay sou lang sa. Se sa k' fè chak 28 Oktòb gen anpil aktivité ki òganize pou lang kreyòl la.

Plis pase 14 milyon moun sou latè pale kreyòl. Kidonk, jounen 28 Oktòb la fèt pou tout moun alawonnbadè; kit ou pale kreyòl, kit ou pa pale l', depi w' enterese ak lang ak kilti sila, jounen sa fèt pou ou.

Kreyòl se yon lang ki soti nan plizyè lòt lang jiskaske li tounen lang natif natal yon pèp. Menm jan li bèl lè w' tande y'ap pale l', se konsa li bèl lè y'ap chante l' tou. Se sa ki fè jodia m' pral prezante nou vwa fanm sa yo ki fè m' plis renmen lang sila.

 

1.- Yole DEROSE

Yole LEDAN se non jèn fi li. Li se te madanm yon gwo mizisyen ayisyen yo te rele Ansy DEROSE. Bèl fanm kreyòl sa se yonn nan pi gwo atis fanm ke mizik peyi nou an te ka genyen. Vwa l' ak bèlte l' te fè moun yo tonbe damou l' premye fwa li te jwe Porto-Rico nan mwa Oktòb 1979, nan festival entènasyonal mizik ak vwa.

Pami chante Yole Dérose yo, sila mwen pi renmen yo se :

a) Tonton Nwèl cheri

b) Merci (avèk Ansy Dérose)

c) Anakaona (avèk Ansy Dérose)

 

 

2.- Émeline MICHEL

Émeline fèt Gonayiv nan lane 1967. Papa l' se te yon pastè, manman l' menm, te yon machann. Émeline Michel te kòmanse chante sou chè legliz. Se konsa Yole Dérose vinn konn talan li; li te menm vin' tounen tankou yon manman pou Émeline.

Kounya, Émeline Michel se yonn nan senbòl fanm kreyòl pou peyi dayiti gras ak mizik li, ak stil li.

Chante Émeline mwen plis renmen yo se :

a) A.K.I.KO

b) L'odeur de ma terre

c) Flanm

d) Mèsi lavi

 

 

3.- Jocelyne BÉROARD

Jocelyne Béroard fèt 12 Septanm 1957 nan peyi Matinik. Li se yonn nan gwo chantè gwoup Kassav. Gwoup sa fèt nan peyi Gwadloup nan lane 1979.

Yo konsidere Jocelyne kòm vwa fanm mizik zouk la. Youn nan bagay ki fè m' renmen li plis toujou se jan li mete gete lè l'ap chante nan konsè yo.

Mizik Jocelyne m'ap fou pou yo a se :

a) Siwo

b) Lapli pé tombé

c) Kolé séré (avec Phillippe Lavil)

d) Kaye manman

e) Pawol granmoun

 

 

4.- Toto BISSAINTHE 

Marie Clotilde "Toto" Bissainthe se yon mizisyèn ki fèt nan lavil Okap nan lane 1934. Li fè yon bann tan lòtbo dlo kote li te konn ap chante ak fè teyat. Li tounen an Ayiti aprè diktati Jean-Claude Duvalier nan lane 1986.

Mizik li yo plis pale de lavi ak problèm pèp ayisyen an, yo pale kèk fwa de lanmou tou.

Genyen de chante mwen plis renmen de bèl fanm Okap sa, se :

a) Ou soti Pòs Machan

b) Papa Loko

 

 

5.- Claudette PIERRE LOUIS

Sè jou si, yo konn Claudette gras ak chante nwèl yo li fè ak Ulrick PIERRE (Ti-Pierre). Yo te rele gwoup yo a Claudette et Ti-Pierre. Claudette te konn ap chante, Ti-Pierre menm, malgre li pa t' wè (avèg), te konn jwe pyano, li te konn fè dezyèm vwa pou Claudette tou.

Nan lane 80 yo, gwoup sa te fè yon bann mizik. Jiskaprezan, gen de mizik yo te fè ki bay lajwa lè w'ap koute yo.

Mwen menm, chante Claudette mwen renmen tande yo se :

a) Camionnette

b) Vertulie

c) Pouchon

d) Pot pourri de Noël

 

 

6.- Carole DEMESMIN

Carole DEMESMIN fèt Leyogàn. Li se yon mizisyèn ki pa janm sispann defann enpòtans kilti Ayiti.

Li tèlman atache ak kilti peyi nou ke yo konn konpare l' ak Lumane Casimir (yo gwo mizisyèn nan peyi Dayiti). Carole se yonn nan anbasadè kilti peyi a, li menm bay konferans nan peyi lòtbò dlo sou enpòtans kilti Ayiti.

Lè m'ap tande Carole k'ap chante, mwen santi m' fyè de valè peyi m'. Se sa k' fè mwen renmen de mizik sa yo ki se :

a) Sou chimen pèdi tan

b) Ti sous

 

 

7.- Stéphanie SÉJOUR

Yo plis konnen l' sou non atis li ki se Tifane. Promo Culture te chwazi bèl fanm kreyòl sa kòm pi gwo mizisyèn nan lane 2007. Se te gras ak premye mizik li te fè nan lane 2005 lan ki te rele "Se kòm si". Mizik sa te popilè anpil epi tout moun te renmen tande li tou.

Kòmansman Tifane nan mizik te fè anpil tole. Li te plis chante sou bèlte fanm kreyòl ak fanm ayisyèn yo.

Gen twa nan mizik Tifane fè yo ki raple m' kòman li konn chante ak danse. Se :

1) Sekrè a

2) Se kòm si (avèk Bélo)

3) Bèl moun

 **********

 

Fanm sa yo mwen sot site la, se moun ki bon jan fè m' renmen tande mizik nan lang kreyòl; yo chaje ak talan. Men gen lòt atis  fanm mwen konn koute tou ki chante trè byen. Se de moun tankou Lumane CASIMIR, Lunise MORSE, Ginou ORIOL, Virginia MAHOTIÈRE, Misty JEAN, Jocelyne DORISMÉ, Phyllisia ROSS, Stevy MAHY , Rutshelle GUILLAUME, Darline DESCA, Rennette DÉSIR etc. 

Pandan tout lane ki pase yo, mwen vin plis renmen lang kreyòl la gras ak istwa li, kilti l', pwovèb li yo ak mizik li. M' te toujou renmen fason plizyè moun pale lang lan. Mwen renmen koute jan moun nan Nò peyi a pale l', moun Gwadloup ak Matinik yo ak tout lòt peyi ki pale kreyòl tou.

Antouka, lang kreyòl la bèl anpil. E kòm mwen se yon moun ki renmen tande mizik anpil, mwen rive renmen lang lan gras ak konpa, ak zouk e ak bolewo.

E si gen yon bagay mwen aprann sou tèt 21 lane mwen yo se ke kreyòl la plis ke yon lang, li se yon fason moun viv tou.

 

Manley BELIZAIRE

➡️ Lire l'article en français

 

 

Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article
J
Tèks sa aprann mwen anpil sou pwodiksyon mizikal medam chantèz sa yo. <br /> Mèsi pou travay prezantasyon modèl sa yo ki valorize lang ak kilti KREYÒL aklè kon dlo kòk.
Répondre
J
Tèks sa aprann mwen anpil sou pwodiksyon mizikal medam chantèz sa yo. <br /> Mèsi pou travay prezantasyon modèl sa yo ki valorize lang ak kilti KREYÒL aklè kon dlo kòk.
Répondre
M
Mèsi anpil. Mwen kontan w' aprann nan tèks sila