Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Réflexions et Histoires d'un C.O.N

Même si, après m'avoir lu, ce que j'écris te paraît logique ou sensé, rappelle-toi du titre du blog. 👆🏾 😅

Lamitye ou menm avè m'

Manl3y & Cappucine

Manl3y & Cappucine

Youn nan pi bèl bagay la nati fè m' kado se ti grenn lamitye ou menm avè m' k'ap boujonnen chak jou ke Bondye mete. Pou tout sa nou gentan travèse ansanm, pou pawòl ak istwa nou gentan rakonte, nou aji w'a ta di de moun ki konn lòt depi lè zandolit t'ap goumen ak kako. 

Lamitye ou menm avè m' se kòk k'ap chante depi 3 zè nan maten pou tout bann chanpwèl ka pran chimen lakay. 

Nou toujou ansanm, lespri nou kominike. Lè w' pa la, mwen raz pou m' pa chape. Mwen santi m' manke yon bagay lè m' pa wè w' paske ou se Dimanch Pak mwen, mwen se Vandredi Sen w'. Tankou kòkòt ak figawo, nou mache ansanm e nou gen menm tanperaman. Lè nou ansanm, menm Antwàn Langonmen pa ka konn kisa k' pral pase. 

Lamitye ou menm avè m' se te anmè granmaten avèk yon pen cho ak zaboka k'ap fè tout krache nan djòl mwen pran danse lè m'ap boule nan yon kafe cho

Sa fè mwen mal anpil lè m' wè gen anpil moun ki pa kwè nan nou, pou jan ou ye avè m'. Genyen k'ap di ke sèjousi, lamitye fanm ak gason pa alamòd anko paske, oswa youn nan yo oswa tou lè de gen yon bagay y'ap chache... LANMOU ki lanmou pa ka konprann lamitye ou menm avè m', alòs se pa yo menm ki pral konprann yon bagay. 

Lamitye ou menm avè m' se timoun k'ap kouri sèk, k'ap jwe mab, k'ap file yon grandou nan galèt dlo 3 rivyè. 

... Yo pa fin antò nèt paske nan mond n'ap viv kounya la, ak la jenès rabòday sila, nou pèdi tout bèl valè lamitye fanm ak gason ta dwe genyen. Lamitye sa, jan l' ta dwe ye a pa egziste ankò. Gason an se degaje l' fin fè sa l'ap fè a, fanm nan li menm se dechèpiye tout zavwa ti nonm nan otan li kapab. Chak moun ap byen jwe pou yo genyen. 

Lamitye ou menm avè m' se “Madan Sara” k'ap chache lavi miyò pandan y'ap voye vann sak pwovizyon Pòtoprens. 

Kounya, yon gason si w' bon zanmi yon fanm (epi se pa anyen w'ap regle) yo prèt pou rele w' “mawozo kreyòl” , “tchoul fanm” , oswa “anyen w' pa ye”. Fanm nan menm, si yo wè l' twò kole sou ti nonm alòske se pa menm menaj li li ye, pa gen dlo k'ap kapab lave vye koze yo gentan ap di sou li. Yo pral di ke se fent li sa paske kou li fin manje tout grenn je ti nonm nan, li p'ap gade l' kou wè chen k'ap pise devan katedral. Men, sa yo pa konnen an se ke ou menm avè m', nou kwè nan bèl relasyon sa ki egziste nan mitan nou an ; se pa vye pawòl y'ap di, y'ap kontinye di, yo pral di sou nou k'ap mete fen ak sa. Lèzòm rayi pwochen yo menm pou pye santi, alòs mwen pa bezwen di w' kòman yo egri lè yo wè lamitye nou ap fleri.

Lamitye ou menm avè m' se lè Legliz Katolik ap sonnen midi epi ou tande yon kout rèl pati, ou mèt konnen se yon moun, yo vann nan djab pou boul bòlèt Nouyòk, ki fè zèl pou peyi san chapo. 

Li difisil pou mwen konsidere yon moun tankou zanmi paske gen anpil moun se pwofitè yo ye, se lè yo bezwen w' yo griyen tout 32 dan yo ak jansiv bourik yo a ba ou. Men ou menm, mwen te annik apwoche w' ke mwen te gentan wè ke ou se yon moun diferan. Yon moun ke Bondye mete sou wout mwen pou anbeli lavi m'. 

Lamitye ou menm avè m' se lè 3 zè rive, legliz la gentan ap sonnen libera e tout moun nan kanton an ap pral mennen mò a nan simityè, devan Bawon Samdi. 

Gade tout bèl valè nou pèdi nan ti peyi sila. Vwazinay pa fanmi ankò ! Lamitye fanm ak gason pa alamòd ankò ! Tout moun kite andeyò pou y'al lavil,  al chache lavi miyò ! Andeyò vin tounen andedan, e andedan menm ap bat pou l' met deyò ! Timoun pa respekte granmoun ankò ! Djòl granmoun vin santi bon,  e pawòl k'ap soti ladan l' santi pi mal pase pil fatra ki nan Ri Makajou ! Tout bagay vin tèt anba, nou tonbe nan dezawa ! Men lamitye ou menm avè m' gen jèvrenn, li pi fò pase tout sa ; e toutotan kè nou de ap bat, l'ap toujou rete soude. 

Lamitye ou menm avè m' se solèy kouche, lalin klere. Tout moun rasanble y'ap tire kont, y'ap bay blag epi yon lòt tikadè tanbou tonbe frape, ren ap brase, granmoun kou timoun ap chante... Anwo pye mapou ki nan mitan lakou a gen yon frize menm k'ap veye lè pou l' koumanse rele pou tout moun ka rantre paske lougawou pral pase. 

Manl3y B.Liz.R

Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article
S
C'est très beau. Franchement j'adore. <br /> Good job !!
Répondre
S
Merci Manley... Ca me va droit au coeur...❤️
Répondre
M
De rien
H
Good Job xD
Répondre
M
Ha ha ! Thanks! ;-) (^_-)
C
Awesome bro
Répondre
M
Thanks :-)
M
Ah ^^ :-D merci beaucoup !
Répondre